Ensekirite jeneralize nan Nòdwès

1,749

07-31-2022

Senlwidinò, Ayiti (TRiboLAND)____sitiyasyon moun kap viv nan depatman Nòdwès la parèt pi konplike chak jou ki jou akoz deteryorasyon fenomèn ensekirite kap taye banda atravè tout peyi Dayiti.

Depi jedi 28 jiyè 2022 a, bandi san fwa ni lwa yo te tann yon pyèj pou asasinen Anthony Dumas, yon polisye 27èm pwomosyon ki te nan bakòp UDMO, ki ta pral pote sekou sou wout Atibonit – Pòdpè a, ki toujou okipe ak bandi ame. Pandan ke popilasyon an ap monte yon syèl pa do, wout yo toujou bloke, transpò komen an paralize totalman, gang ame bloke depatman Nòdwès la, menm jan avèk gran Sid la ke yo kenbe an notaj. Anpil moun ki deside rantre Pòtopwens, oblije pran direksyon Kap Ayisyen pou pase pa depatman Sant pou rive Pòtopwens.

Otorite nan peyi Dayiti mete ansanm ak yon kolònn kolon nan entènasyonal la pou mete sou pye vye estrateji kriminèl pou touye tout mas pèp la, yon fason pou yo ka vin esplwate risèch nan peyi a. Konplisite blan je vèt ak tchwoul, dirijan machann peyi yo pran yon lòt dimansyon pou fasilite yon ti ponyen moun kap travay nan enterè klas dominant lan.

Pou anpil moun se konsekans demokrasi prekòs Aristid la, jwenn ak lòt dirijan antichanjman yo ki vann ti bout tè papa Desalin lan ki lakòz sansi tout kalite vin souse san pèp la.jounen jodi a. Grangou, lamizè, povrete estrèm, trafik zam ak kokayin, tounen po flè pou dirijan peyi Dayiti. Lanmò sitwàyen ayisyen pa fè pyès etone pyès dirijan; san konte fason dirijan kwatchòkò yo kraze aparèy jistis peyi a e prive pitit peyi a tout espwa pou jistis sosyal renye.

Jounen jodi a, Pòtowens vin pilwen moun kap viv nan depatman Nòdwès ke Repiblik Dominikenn. Popilasyon an mande minis defakto PHTK a, Ariel Henry, pou bay peyi a yon chans; pou pèp Bondye a rale yon souf nan mizè nou mete l depi 107 lane san pran souf.

Comments are closed.