Direktè youn nan lekòl piblik nan vil Tigwav, William Dumé mande otorite pou chita pale ak mè Philomène sou ogmantasyon pri lekòl la.

215
0
Share:
TRiboLAND

08 – 08 – 2026

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Direktè lekòl Nasyonal Bornot Lamarre nan Tigwav, William Dumé nan yon interview li akòde laprès vandredi 07 dawout 2026 lan, mande pou otorite yo nan vil la chita pale ak responsab lekòl mè Lasajès la, Philomène sou desizyon li pran pou ogmante pri lekòl la ak chanje koulè inifòm lan.

Selon direktè William Dumé, chita pale sa a dwe fèt ak tout otorite yotankou: majistra Hilaire Admirable ki se chèf vil la, komisè lapolis Herard Joseph, komisè gouvènman ai a, Danilo Valès, enspektè distri eskolè a, Jean Mario Gibbs, direktè depatmantal adjwen edikasyon an Déméro, pou yo brase lide sou disizyon mè Philomène pou ogmante 20, 000 goud sou 12, 500 goud paran yo te kon’n peye avan nan yon lekòl leta a epi li chwazi chanje koulè inifòm ti akawo a. Dumé ajoute pou’l di, fòk konsène yo asime responsabilite yo devan sitiyasyon sa a, prese – prese avan pita pitris.

Yon lòt kote, direktè lekòl Bornot Lamarre a, William Dumé fè li klè pou tout moun ke li pa danse kole avèk demach ki ta ankouraje paran yo bòykote ou atake lekòl mè Lasajès la nan Tigwav. Konsa, demach li yo pa antre nan lojik deblozaj, pou sòs la pa koute pi chè ke vyann lan.

Sepandan, kesyon anpil moun nan komin lan ap poze, èske mè Philomène, ki se moun Okap, kapab deside pou moun Tigwav; eske li kapab leve yon bon maten pou l moute pri lekòl la epi chanje inifòm lan ak pwòp otorite li. Kote wòl leta nan tout deriv sila!

Share:

Leave a reply