Kanaval 2026 : Jeremi Direksyon depatmantal sikilasyon nan Jeremi anrejistre twa moun mouri nan aksidan moto siklèt ak plizyè lòt blese.

02 – 19 – 2026
Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Pou peryòd kanaval 2026 lan, plis pase twa jenn ki nan twantènn yo mouri nan aksidan moto siklèt, nan lannwit 17 fevrye pou louvri 18 fevrye 2026. Pami sa yo ki bay latè do nan sikonstans lan, ou jwenn atis Wendkey Jean ki mouri tèt nèg nan yon aksidan moto siklèt sou wout aviasyon an, zònn site Sous Domaj.
Alòske yon jènn fi ak yon chofè taksi moto mouri nan aprè midi lendi 17 fevrye a nan yon lòt aksidan sikilasyon sou wout nasyonal nimero sèt la, andireksyon Chouto, lokalite premye seksyon kominal Jeremi, nan moman chofè moto tap tante double yon kamyon.
Fas ak tout aksidan sikilasyon sa yo ki koute lavi anpil moun nan Jeremi kou nan rès komin depatman Grandans lan, direktè depatmantal enstitisyon polis Grandans lan, Frantz Saint Armand, anonse nan jou kap vini yo, yon seminè fòmasyon pou tout chofè taksi moto atravè depatman Grandans lan, nan objektif pou ranfòse sekirite ak pwoteksyon pasajè yo.






