Ogmantasyon 500 solda panyòl sou fwontyè Ayisyano-Dominkèn pa vwè repons pou kanpe pwopagasyon kowonaviris nan Repiblik Dominikènn

0 402

Pòtopwens____(TRiboLAND) Demonstrasyon  ou showdown Repiblik Dominkènn ap kontinye fè tanzantan sou zònn fontalyè a pa gen oken sans! Dayè, sa pa etonan yo anonse pou yon èm fwa deplwaman fòs militè yo sou fontyè a yè Vandredi a 8 me 2020 an sou pwetèks pou anpeche ayisyen pote kowonaviris ba yo. Se pawòl miwo miba!

“Pwovèb la di rete trankil se remèd kò”; e “pa jwe ak chyen ki mèg”. Demonstrasyon sa yo se “déjà vu”, e yo pa menm manke sekwe pèp Ayisyen ki konnen sa ki rele reziste kont tout fòs repwesyon ou pwovokatè etranje ki chwazi pa vle wè yo kòm pèp ki fè yon inik peche: ki se “kapote lesklaj” e “ede lòt pèp jwenn libète yo”.

Ke responsab dominiken yo chèche idantifye vwè pwoblèm yo! Se pa Ayiti ki kontwole chif kowonaviris yo. Okontrè, se Ayiti ki ta dwe konsène fas ak kantite ka kowona ke vwazen an ap anrejistre. Se tout kote ki genyen yon pwi pou peye avèk kovid-19 la; tout moun pran nan moulen e se naje Ayiti ap naje ak ti mwayen li genyen ki pa menm egziste. Nou vle di otorite panyòl yo, chak pèp gen desten li e li anbwase kalamite li selon ADN zansèt li ak jan li enpoze istwa li devan zye limanite, san kapitalize sou rezilyans enpekab ki se yon bagay ine lakay tout ayisyen.

Kontinye ap bay show gwo bibit, se paske Ayiti ap dirije ak enkapab ki pa metrize definisyon pèp ak patri! Se yon desizyon ki san sans e pwovokatè! Dayè, majorite imigran ayisyen kap viv aktyèlman nan repiblik dominikènn plis ap pwiye BonDye pou yo antre lakay yo ke rete sou yon tèritwa kote ke viris la ap miltipliye enfeksyon yo. Li pa mande anpil pou yon moun konprann ke li nòmal pou Ayiti genyen kantite redwi nan moun ki enfekte e ki ap mouri; rezon senp, paske antan ke peyi pòv, li te sijè a atire mwens touris, mwens komès, mwens biznis avèk mwens katafal envestisè etranje kap antre sòti lakay li. Devlopman entèaksyon yo minim anpil!

Konparativman nan peyi ki genyen yon volum aktivite touristik, enfwastrikti ekonomik, developman endistriyèl ki fasilite gwo komès ak envèstè kap antre sòti tout kalite. Konsa, se menm kad figi a pou anpil peyi pòv nan kontinan afwiken an tankou Soudan ak lòt. Viris la pran tan pou li rive sou popilasyon sa yo. Kidonk, se moun ki vwayaje ki pote oubyen distribye viris la bay moun ki pa vwayaje. Konsa, gade ki kantite vòl avyon ki genyen nan repiblik dominikènn konparativman ak Ayiti.

Apwè pasaj kowonaviris la, li evidan ke tout dirijan peyi pwal divòse ak politik mondyalizasyon ki lye ak twòp entèdepandans ki lage tout peyi nan monn lan nan dlo nan moman kovid-19 la. Ke Ayiti kòmanse gen wont nan figi l, pou li pa depann nan pote kwiy devan lòt peyi ki gen yon paj istwa mwen sedwisant ke Ayiti.  Responsablite nan tout domènn, se sa ki kapab anpeche lòt peyi swete wè plis doulè pou nou nan tan siklònn ak pandemi.

Yon bon pati nan lapwès entènasyonal pa ka tann pou wè kòman Ayiti pral suviv ak kowonarivis la. E anpil nan enstans ou zanmi sa yo ap montre kòman yo gen pitye ak kè sere pou Ayiti plis ke lakay yo; alòske ka pa yo depase ka pa nou. Yo senpleman jalou paske yo poko wè sa yo te swete ou anvi wè kòm dram, kalamite ak katastwòf pou peyi Dayiti.

Leave A Reply