Yon pwezime manm gang Village de Dieu jwenn arestasyon l nan Kanperen

0 330

Okay___(TRiboLAND) Komisè gouvènman Okay la, Ronald Richmond ap miltipliye bwàs yon fason pou arive mete men nan gagann bandi ame kap simaye dèy nan peyi a.

Nan yon desann dèlye ke komisè Richmond fè ansanm avèk plizyè ajan PNH yè swa kit e Vandredi 8 me 2020 an nan Kanperen, komenn depatman Sid peyi a, yo arive mete men sou yon pwezime manm gang “Village de Dieu” ke yo rele “Chyen Mechan”.

“Chyen Mechan” ki ta resevwa plizyè bal nan moman operasyon an, twouve li koulya nan gadavu nan Kanperen e li pap pran tan pou transfere nan Direksyon Santral Polis Judisyè selon jan lalwa mande l, dapwè otorite depatmantal yo.

Nap raple w, sa fè plizyè fwa komisè Ronald Richmond ansanm avèk otorite depatmantal PNH yo arive pouswiv e mete men sou yon latriye manm gang nan depatman Sid la.

Leave A Reply