Yon avyon vole nan direksyon peyi Kiba ak ansyen pwezidan Jean Bertrand Aristide, ki pa gaya

669

06/24/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Yon avyon dominiken kite ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture nan Pòtopwens e vòltije nan direksyon peyi Kiba e genyen abò li ansyen pwezidan Jean Bertrand Aristide.

Lidè pati Fanmiy Lavalas pa gaya depi kèk jou; yon sitiyasyon ki lage anpil kontwovès sou nati maladi “Titid” la ki ta sanble politize. Tanto moun ta vle kwè se kowonaviris, tanto se pwoblèm epatit, selon yon pòtpawòl pati Fanmiy Lavalas la ki pat manke voye jete byen lwen rimè kowonaviris la.

Antouka, moun te kapab remake yon anbilans te transpòte nan ayewopò ETL la ansyen chèf deta a. Konsa, avyon dekole e genyen abò li Jean Bertrand Aristide ki kore ak pwezans pwezidan pati a, Maryse Narcisse.

Comments are closed.