Leta ayisyen plase tant ak yon lopital mobil tanporè nan Bèladè

0 394

Beladè____(TRiboLAND) Leta ayisyen plase yon lopital tanporè de yon modèl fougon ak tant mobil nan zònn Kachiman ki nan Beladè, yon zònn fontalyè ant repiblik dominikènn yon fason pou anpeche yon pwopagasyon sistematik kowonaviris la e pou asiste ayisyen ki te deside kite RD e antre volontèman lakay mwa pase yo, dapwè Dr. Wadson Eustache ki se Alatèt sant hospitalye sa.

Toujou dapwè Dr. Eustache, sant lan plase tou pwè dwann ayisyènn nan, a 75 mèt pa rapò ak baryè periferik RD nan ki etabli lizyè ak pwotokòl 2 peyi yo. Konsa, nenpòt moun ki soti lakay vwazen an e pile tèritwa ayisyen an, ap otomatikman transfere nan enstalasyon tant yo pou yon pwosesis karantènn.

Antouka, dispozitif sa trè ankourajan selon divès ki pat sispann denonse fason moun kap soti nan RD konn pote kole san enspeksyon ou respè konsiy sanitè yo.

Leave A Reply