Kowonaviris: èske moun afè pa bon yo kapab suviv yon lock down oubyen yon konfennman

0 479

Pòtopwens____(TRiboLAND) Sa pa gen 2 jou depi ke pwezidan Jovenel Moise anonse 2 pwemye konfime ka kowonaviris sou tèritwa nasyonal la. 2 enfekte ka sa yo klase Ayiti pami plis pase yon santènn peyi kap pran lam ak kovit-19 la.

Pandan ke viris lakouwònn nan ap vale teren nan lemonn, gouvènman, òganizasyon entènasyonal ak ajans sante pwofesyonèl pa sispann fè bwas nan miltipliye efò drastik pou redwi fatalite e pou kontwole pandemi an. Youn nan mezi ke yo pran se konsidere: distans sosyàl, kouvwefe, lock down oubyen konfennman (rete anndan kay, pa soti deyò) nan yon vil oubyen nan yo depatman. Tankou sa te fèt nan vil Wuhan nan pwovens Hubei nan peyi Lachenn. Otorite chinwaz yo arive mete anba kouvwefe yon vil ki genyen plis pase 11 milyon moun ki toujou pa ka deplase ou ale nan mache. E se sa ki esplike, yo timidman arive gen kontwòl viris la.

Nan peyi Itali kote zak enfeksyon kovit-19 la ap fè ravaj pi mal ke peyi Lachenn, genyen yon  strateji ke responsab yo adopte menm jan. Yo paralize tout gwo vil yo anba kouvwefe e atraksyon touristik yo fèmen konplètman yon fason pou evite pwopagasyon viris la.

Nan siyasyon kote ke enfeksyon viral la ap layite kòl, teknik konfinnman an ta sanble youn pami mwayen ki sansib ou dimwens pi pweferab. Menm si genyen 2 ka konfime koulya nan peyi Dayiti jiska pwezan, nou espere petèt otorite ayisyènn yo deja anvizaje planifye, si tout fwa viris la ta kòmanse ap pwopaje ak yon vitès enpwesyonan sitou lè moun ap konsidere inekzistans yon sistèm swen sante anndan peyi a. E youn pami mezi sa yo kapab yon ekivalan apwòch kouvwefe peyi Lachenn nan.

Li enpòtan pou konsidere nan ki fason oubyen kòman yon lock down ou yon kouvwefe kapab afekte seryezman moun ki pòv yo ki sitou depann de bwase ou ravitaye chak jou Bondye mete. Yon seri chif montre Janvye 2020 an atravè Program Alimantè Mondyàl (PAM) ke 3.7 milyon ayisyen soufwi ensekirite alimantè e 1 milyon pami yo nan yon sitiyasyon ekstrèm dijans. Pou gwoup moun sa a, li difisil pou yo jwen ase manje chak jou pou nou pa di pou jwenn  pou sere pou demen. Si pou moun yo rete anndan kay, fò yo jwenn ase manje, dlo ak lòt bagay esansyèl ki kapab pèmèt yo suviv. E kòman moun ki pòv kapab arive viv nan yon sitiyasyon parèy?

Anplis, non sèlman pa gen ase manje an rezèv, yo pa genyen dlo tou lakay yo e anpil famiy depann de ti gout dlo sal nan ti sous byen lwen.

Pou planifye yon reponse sante piblik serye fas a pandemi kowonaviris la, otorite ayisyen yo bezwen kòmanse anvizaje ki moun anndan mas la ki petèt pap kapab suviv lock down nan akoz sitiyasyon socio-ekonomik yo. Pou anpil nan ayisyen yo, yon apwòch ki tèt koupe ak strateji Lachenn nan pap ka ni travay ou byen enpoze li sou moun nan peyi Dayiti; anpil nan moun sa yo petèt gen dwa mouri ak grangou menm avan kowonaviris a touye yo.

Nou espere fwanchman li pa deteryore konsa!

Jacob Bendalham, TRiboLAND

Leave A Reply