Me ki sa TRiboLAND konnen sou dosye kadejakè ak abi seksyèl Dadou Jean-Bart a

345
  • Jounal Angle “The Guardian” pibliye yon lòt atik sou dosye kadejakè ak abi seksyèl pwezidan Fédération Haïtienne de Football la, Dadou Jean-Bart a, Jedi 21 Me 2020.
  • Jounal la revele temwanyaj yon jènn fi ki akize Dadou kòm moun ki tap fè tantativ pou vyole l pandan li te nan sant Kwadè Boukè a. Jènn fi a deklare ke se pa abi seksyèl ke Dadou komèt ankò; men abi moral ak ekonomik tou, dapwè sa li rapòte. Jwè a akize Dadou kòm moun ki kouche ak ti moun piti e zanmi li. “Nèg sa rune tout vi mwen”, dapwè jwè a ki tap depoze bay jounal “The Guardian”.
  • Nouvo revelasyon yo akize pwezidan “Fédération Haïtienne de Football ”, Dadou Jean-Bart pou abi seksyèl sou ti jwè inosan ayisyen e fòse yo fè dilatasyon.
  • Selon jounal la, youn nan pwezime viktim yo resevwa menas bò kote pwezime bandi ki menase pou atake fanmiy yo nan peyi Dayiti.
  • Selon “The Guardian”, yon ansyen antrenè ki te travay nan sant Kwadè Boukè a deklare:”Yo dwe fòse jwè yo di bon bagay pou Dadou, san pa sa yap atake fanmiy yo kap viv nan peyi Dayiti”.
  • Dadou deja bay yon konferans, kote ke li voye jete tout akizasyon zak seksyèl yo. Li egalman ekspwime volonte li pou ale jis sa kaba nan pouswiv jounalis anketè Romain Molina kòm “ti blan mannan”.
  • 14 me 2020, Dadou Jean-Bart te jwenn envitasyon pakè tribinal Kwadè Boukè pou akizasyon ke yo te pote kont li; konsa, odisyon an te ranvwaye.
  • Jedi 21 Me 2020, pakè tribinal Kwadè Boukè a tande Dadou; chèf kap mennen pouswit legal la deklare ke li pa genyen ase pwovizyon nan men l pou pwosede ak arestasyon Dadou. Konsa, li deside transfere dosye a bay Kabinè enstriksyon.
  • Nan yon entèvyou ke li bay yon radyo nan kapital peyi Dayiti, Dadou Jean-Bart te chwazi pa reponn yon kesyon ki te gen pou wè avèk di “wi” ou “non” ke genyen yon ansyen jwè femèl ayisyènn ki fè pitit pou li. Dadou te konplètman refize reponn yon parèy kesyon.
  • Ekip Avoka kap ede Dadou pare kou yo deja depoze yon plent nan Pari (Lafwans) kont jounalis anketè Romain Molina ke yo estime kap fè difamasyon sou do.
  • Pwezime viktim kadejakè ak abi seksyèl yo deklare ke yo ap resevwa anpil menas bò kote moun ki nan kòkòday ak Dadou Jean-Bart.
  • Ekip Avoka kap ede Dadou pare kou yo, te deja depoze yon plent tou kont “X” nan pakè tribinal Kwadè Boukè a.
  • Human Rights Watch, gwo tonton òganizasyon kap defann dwa moun nan lemon rapòte temwanyaj yon ansyen jwè femèl ayisyènn ki deklare: “Tout chans li pou arive jwe nan peyi etranje gen pou wè avèk kouche ak pwezidan an”.
  • Yon videyo ki montre kote Dadou mete men nan kou yon jènn jwè femèl ayisyen pandan tout yon entèvyou pa sispann fè laviwonn dede sou rezo sosyàl yo.
  • Yon latriye òganizasyon sou dwa moun nan peyi Dayiti mande yè Vandredi 22 me a pou yo mete Dadou sou ban touch foutbòl ayisyènn nan yon fason pou li pa itilize enfliyans li nan dosye a.

Comments are closed.