Kowòdonatè kazèk 4e seksyon Mawotyè a drese yon tablo tris sou gravite sityasyon seksyon an.

2,269

02/10/2022

Mawotyè, Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan kad yon delimitasyon tèritoryal sou gouvènman pase yo, Mawotyè kite 7e seksyon vin pase drèt nan 4e seksyon. Ermilus Momus, kowòdonatè Konsèy administrasyon seksyon kominal la, nan sans sa a, arive drese yon tablo vrèman tris sou gravite sityasyon sosyal ak ekonomik abitan yo.

Konsa, kowòdonatè a esplike seksyon kominal l ap dirije a ap monte plis ke yon maswife. Sòti sou administrasyon Jovenel Moïse la pou jouk rive sou prezime asasen ansyen prezidan nèg bannann nan, mouche Ariel Henry.

Seksyon kominal lap administre a deja konnen 2 lane sechrès ki esplike se chak Sen Silvès abitan yo jwenn yon ti degout la pli. Nan zafè akonpayman ak ankadreman peyizan yo, kise zafè ministè agrikilti pou yon meyè pwoteksyon sòl, pa gen sa pyès; se nad marinad, dapwè Ermilus ki tap depoze.

Seksyon kominal la debwaze, lavi chè, absans wout agrikòl, pwoblèm lojman, chomaj, pwoblèm sante ak ensekirite poun site sa yo sèlman fin anraje nan yon kanton ki alagoni. Yon seri sityasyon ki bay gwo tèt chaje e ki riske pwodwi yon gwo fanmin nan seksyon an. Sa ki pi grav la, LETA poko janm peye Ermilus Momus sen kòb chada kòm Kazèk.

Li enpòtan pou konnen, dapwè dènye estimasyon yo, seksyon kominal Mawotyè genyen anviwon 30 mil abitan kap Viv ladann, e li fè pati seksyon kominal ki fòme komin pòdpè a.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.