Jounalis anketè ki ekri atik kadejakè sou pwezidans FHF, bay “Dadou” defi pou trennen l lajistis

0 606

Pòtopwens___(TRiboLAND) Pandan ke Pwezidan Fédération Haitienne Football la, Dr. Yves Jean-Bart ap miltipliye kontak e ap fè bwas pou li sezi ou mobilize yon batri avoka lòt bò dlo pou ede l pare kou ak gwo poban akizasyon zak kadejakè ak abi seksyèl sou ti lè zanj foutbolèz yo ki pandye sou tèt li, Jounalis anketè a, Romain Molina fè konnen ke li te chita avèk avoka kap trete dosye pwezime kriminèl la avan ke li te pibliye atik la.

Molina detèmine ke lap kontinye pouswiv envestigasyon an yon fason pou lumyè ka fèt sou dosye a e pou ti lè zanj viktim yo jwenn jistis jan sa dwa. Dapwè Molina, li chwazi pibliye atik la nan “The Guardian” paske gen yon lòt atik ki fè referans tèt koupe ak sa kap pase nan Federasyon Foutbòl Afganistan an.

 Anplis, Jounal “The Guardian” lan gen ase kapasite pou egzije FIFA antre nan dosye a. Molina deklare ke FIFA toujou ap dòmi e tann dènyè moman pou li antre nan yon seri dosye. Molina deklare, vye manman pare pou zepina e zepina pare pou vye manman. Li bay Pwezidan FHF la defi pou li pouswiv li lajisti; li rete kwè ke li fè yon travay san pas pouki.

Leave A Reply