Ministè Agwikilti efektye yon vizit pap padap Nan Nòdwès peyi a

0 531


Pòdpè___(TRiboLAND) Jodi Jedi 8 me 2020 an, site Kapwa Lamò a, vil Podpè resevwa byen bonè nan maten visit pap padap de yon gwo delegasyon ki gen nan tèt li Ministè Agwikilti a, Patrix Sévère ki ta sanble pwofite yon toune pwezidansyèl san zatann nan Depatman Nòdwès la.

Minis agwikilti a ki te deja genyen yon dizènn machenn ki tap tan li nan yon kòtèj, te pase apepwè 5 minut avèk Lapwès ki te vle degaje konsyans li nan chèche konprann eske gen yon plan stratejik an matyè devlopman agwikòl pou Depatman Nòdwès la ki alagoni.

Minis Sévère te esplike klèman ke objektif visit pap padap la gen pou wè pito avèk yon visit obsèvasyon pou yon dyagnostik sitiyasyonèl pou fasilite avansman entèvansyon stratejik yo.

Lapwès bò kote pa li repwoche visit kout eklè sa ki pwèske pat ofwi oken opòtunite kesyon-repons bò kote Alatèt Ministè Agwikilti a, ki te nan kouri pwese.

Leave A Reply