Me kisa TRiboLAND konnen de desizyon defavorab FIFA a nan zafè zak kadejak Yves Dadou Jean-Bart a

229

11\21\20

  • 24 èd tan aprè ke Lajistis anndan peyi Dayiti vide kloròks sou Yves Dadou Jean-Bart, FIFA voye’l sou ban touch pou letènite.
  • FIFA rekonèt ke Dr. Dadou Jean-Bart gen men li tranpe nan jwèt sisinay, abu seksyèl ak otorite sou jèn ti medam ki anba zaj tou, kap roule boul.
  • FIFA deklare ke yo Dr. Dadou Jean-Bart koupab nan atak seksyèl ak abu seksyèl sou ti lèzanj foutbolèz ayisyèn.
  • Dadou Jean-Bart: prezidan avi FHF, jwen chatiman avi nan men FIFA.
  • Dosye Dadou Jean-Bart a montre a ki pwen aparèy jistis la pa egziste e nan ki lanmè kòripsyon gouvènman pouvwa PHTK a ap naje.
  • Pou anpil moun, desizyon jistis ayisyèn ki fèt anfavè Dadou a, montre ke se kadejakè kap blanchi kadejakè parèy yo.
  • Daprè FIFA, Dadou koupab ragagan, granmoun devègonde a pa ta dwe rete touprè ti medam inosan kap roule balon.
  • Dadou blanchi anndan e li sal deyò.
  • Malgre se yon dosye ki nan men yon gro enstans entènasyonal, Ministè Enjistis kòronpi peyi Dayiti a ki sal imaj peyi a asèpte kanmèm pase aba pye dwa ak valè yon pakèt jènn timoun.
  • Anpil moun panse yon seri anstans entènasyonal ta dwe mennen yon seri ankèt sou yon seri jij nan peyi Dayiti ki enplike nan menm zak kadejakè Dadou yo.
  • Se yon bon siy pou anpil moun ki kwè ke enstans entènasyonal yo ap fini pa konpran aki pwen dirijan ou enstitisyon jistis yo fèb onivo moral.
  • FIFA ki se Fédération internationale de football association radye Dadou pou letan e pou letènite.
  • Anpil moun estime zak Dadou a se yon ront entènasyonal pou foutbòl ak jistis ayisyèn nan.
  • Dadou te konsidere djòb alatèt FHF kòm byen manman’l ak papa’l; li te toujou achte ou fè kolòn ak lòt reselè pou li rete nan tèt federasyon an avi vwala ke FIFA voye’l tou nan kanpe lwen avi.
  • Kontrèman ak otorite reselè ayiti yo, yon wa nanyon peyi nan Kontinan Afriken an deside sòti yon lwa pou chatre kadejakè ki nan menm nivo ak Dadou.
  • Lajistis peyi Dayiti mete andanje volonte FIFA fas ak foutbòl ayisyen an.
  • Pouvwa Jovenel Moise la, lage Ayiti nan yon lòt salte entènasyonal an plis.
  • Lajistis peyi Dayiti blanchi Yves Dadou Jean-Bart alòske yo badijonnen peyi a onivo entènasyonal.
  • Emillio Accimé se youn pami majistra reselè ki vide benediksyon kloroks sou Dadou Jean-Bart a.
  • FIFA ap oblije revise e egzije yon seri regleman legal ak Ayiti sitou nan gad proteksyon ti inosan kap roule balon.
  • FIFA ap oblije revise e egzije yon seri regleman legal ak Ayiti akoz eta pouritu, lamantab, ak raketè jistis la.
  • FIFA pral egzije plis kritè a moun ki deside travay ak timoun nan elaborasyon yon seri program FIFA nan peyi a.
  • Pou fè ront sèvi kòlè, Dadou sezi Tribunal Arbitral du Sport kont dènye desizyon FIFA a.
  • Dadou vyole ti medam yo e li vyole Code d’Ethique FIFA a tou.
  • Anbasad amerikèn deklare ke yo regrèt ke ankèt gouvènman ayisyen an sou zak malonèt Dadou yo pa abouti ak akizasyon’l.
  • FIFA deklare ke Kadejakè a pa dwe nan oken aktivite foutbòl, eske sa ta vle di ke kriminèl la pa ta dwe asiste yon ti match foutbòl tou?

Comments are closed.