Ti mawoken Rayan ki te tonbe nan pwui a mouri

2,700

02/05/2022

Wà Mawòk la voye kondoleyans bay fanmiy yon ti gason (Rayan Oram) 5 lane ki mouri apwè ke li pase 4 jou anpetre nan yon pwi 32 mèt nan zòn solèy leve peyi a.

Nan yon nòt ke li fè sòti, Wà Mohammed VI konfime ke Peti Rayan mouri depi menm lè li te anpetre nan pwi a depi madi nan vil Chefchaouen.

Lanmò a choke yon pakèt moun atravè planèt la ki te deja ap swiv e rele sekou sou tout rezo sosyàl yo yon fason pou sove lavi Ti Rayan.

Apwè plizyè jou travay pèforasyon, sekouris yo antre jodi samdi a nan pòch tunèl ki te tonbe dirèk kote Rayan te ye a. An pil moun te fè deplasman pou gade ak 2 je yo yon parèy operasyon ki te reyèlman delika. Yo tap chante ak pwiye pou yon parèy sikonstans.

Malerezman, malgre efò ak detèminasyon sekouris yo ki tap riske vi yo nan retire wòch ak men yo pou arive pòfore espas la ki te sansib a nenpòt evantyèl eboulman; yo finalman te jwen Ti Rayan mouri.

Anpil mesaj kondoleyans sou tout rezo sosyàl yo te al jwen masivman fanmiy Ti Rayan ki plonje rès monn lan nan chagren.

Comments are closed.