Ajan egzekitif enterimè asesè nan meri Tigwav la, Mme Marthe Noël Josselin sibi yon atak anba men 2 enkoni nan ri Desalin vil Tigwav.

823

04 – 10 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Ajan egzekitif enterimè aseè meri Tigwav la, an menmtan direktris yon lekòl pwofesyonèl, ki rele Noël Sant Teknik Pwofesyonèl (NSTFP), Mme Marthe Josselin Noël sibi yon atak anba men 2 enkoni sou moto nan ri Desalin nan vil Tigwav anviwon 10 zè maten mèkredi 10 avril 2024 la.

Majistra enterimè a, Mme Marthe Josselin Noël, dénonse atak sila, li di 2 nèg enkoni sou moto, fè souli nan yon lekòl pwofesyonèl lap dirije nan ri Desalin. Madam Marthe deklare li pa konnen ki moun oubyen gwoup moun ki ta kache dèyè atak sila a. Li esplike agrsè yo pale avèk li avèk fraka epi fè li gwo menas; yo poze li kesyon tèt chaje pandan yo pa menm konnen si se li menm ki Marthe Noël Josselin.

Direktris lekòl NSTFP deklare li pral pote plent nan pakè jiridiksyon Tigwav la, kont agresè yo, yon fason pou yo rive mennen ankèt nan lide pou retrase ki kote, nan ki kan atak sa a soti.

Nap fè remake, Mme Marthe se yon majistra enterimè adjwen, li se direktris lekòl pwofesyonèl NSTFP kap fòme jèn fanm ak jèn gason nan divès domèn tankou: kwizin, patisri, bwodri ak kouti depi plis pase yon 20èn lane nan vil la ak seksyon kominal yo nan Tigwav.

Comments are closed.