Responsab “Pwògram Ranfòsman Òganizasyon yo nan Sosyete Sivil la” òganize yon foròm nan vil Pòdpè.

3,111

John Jean Jacques 01/29/2022

Pòdpè______(TRiboLAND) Nan objektif pou ranfòse òganizasyon ki chita nan matris sosyete sivil la nan peyi Dayiti, responsab “Pwogram pou Ranfòse Òganizasyon” òganize jounen vendredi 28 janvye 2022 an yon foròm nan Otèl Kasika ki tabli kòl nan vil Pòdpè, depatman Nòdwès.

Pou pipiti 81 patisipanki te sòti nan plizyè depatman atravè peyi a te reponn prezan nan aktivite sila a. Pwogram sa pran nesans nan kàd finansman asosye ant Leta Ayisyen ak komisyon Inyon Eropeyèn 3 novanm 2017. Yon lòt bò pwogram sila montre volonte ke Leta Peyi Dayiti genyen pou pèmèt genyen dyalòg ant leta ak òganizasyon ki genyen nan sosyete sivil la epi ranfòse kapasite òganizasyon yo yon fason pou fasilite patisipasyon yo nan devlopman nasyon an.

Direktè depatmamtal pwogram sila a, Henry Kesly Amency, nan entèvansyon l te prezante ansanm enstitisyon nan leta a ki kole tèt yo ansanm pou reyalize aktivite sa nan tout peyi a tankou Afè Sosyal, Ministè Planifikasyon, Ministè Kondisyon Feminin, Ministè Enteryè elatriye, yo tout te reprezan. Direktè a te kontinye entèvasyon l lan pou’l te montre enpòtans ranfòse yon òganizasyon genyen; li fè konnen ke lè òganizasyon yo ranfòse sa pote yon soulajman pou sosyete a pwiske tout sa kap fèt oubyen desizyon kap gen pou pran nan sosyete a se atravè òganizasyon yo. Konsa, li rete kwè ke, yon sosyete ki òganize se pa yon grenn moun ki pran desizyon. Pou fini, Alatèt la ankouraje tout òganizasyon ki genyen sou tèritwa peyi Dayiti a dwe patisipe nan kalite aktivite sa yo yon fason pou ede sosyete vanse.

Sou bò pa’l òganizatris foròm sila a, Madam Bernice Carvanagh pale sou enpòtans aspè jiridik pwogram nan, pwiske l fè konnen òganizasyon yo dèfwa te ka toujou pote kontribisyon yo sou kèk pwen, men yo pa rive fè l akoz pa gen yon kàd legal pou sa. Selon li menm, yon parèy foròm arive fèt se pou kapab dyaloge ak òganizasyon e chèche konnen kòman yo fonksyone, e dote yo yon kàd legal ak yon dokiman òganik ki reflete reyalite peyi Dayiti. “Devlopman se pa zafè mouche Leta sèlman, men li dwe konsène chak sitwayen kap viv nan kominote a, dapwè Madanm Carvanagh.

Kidonk, apwè elaborasyon dokiman kap gen pou bay òganizasyon yo dwà pou pote sipò nan devlopmam peyi a, responsab yo konte retounen nan tout depatman yo ankò yon fason pou yo kapab prezante yonparèy dokiman.



Comments are closed.