Repiblik Dominikènn: 255 pwizonye enfekte ak kovid-19 la nan pwizon “La Victoria”

0 300

Sen Domeng___(TRiboLAND) Apwè yon aktivite tès kowonaviris ki te efektye nan youn nan pwizon ki toujou boure avèk moun nan Repiblik Dominikènn “La Victoria”, Biwo Pwokirè Jeneral la deklare yè Mèkredi 29 Avwil la ke yo jwenn apepwè 255 pwizonye ki teste pozitiv pou kovid-19 la.

Sou yon total de 8,473 tès yo arive transfere sa yo ki enfekte a nan yon pwizon izòlman ak nan 12 lòt sant izolman ki konplètman genyen bon ekipman ak medikaman, dapwè yon nòt ke enstitisyon an te mete deyò.

Biwo Pwokirè Jeneral la kontinye pou di, granmesi entèvansyon imedya Ministè Sante Piblik nan pwizon “La Victoria”, ki fè ke osito ke pwemye ka yo te parèt yo te mobilize yon fason pou yo te kapab kontwole pwopagasyon viris la nan tout pwizon an.

Leave A Reply