Fondasyon Eric Jean Baptiste bay Polis Nasyonal yon lo materyèl sanitè

0 320

Pòtopwens____(TRiboLAND) 15,000 galon klowòks, 7,000 mas, 13 rezèvwa dlo, 50 galon gel sanitè, 500 pè lunèt ak divès lòt bagay ki fòme yon gwo lo materyèl ke Pwezidan Fondasyon Eric Jean-Baptiste ak konplisite Rassemblement des Démocrates Nationaux Progressistes (RDNP) remèt Alain Auguste ki se responsab direksyon lojistik Polis Nasyonal la yè Lendi 4 Me 2020 an.

Eric Jean-Baptiste, ki se fondatè menm enstitisyon donatè sa, eksplike konbyen li enpòtan pou li ede enstitisyon piblik sa ke nou pa ka peye an echanj gwo sèvis ke yon rann popilasyon an nan moman difisil peyi a trouve l jodi a.

Konsa, bò kote pa li, Mesye Alain Auguste te remèsye Fondasyon EJB ansanm ak Rassemblement des Démocrates Nationaux Progressistes pou gwo jès sa e li te pwomèt ke distribisyon lo materyèl sa yo ap fèt san fòs kote. Li felisite donate yo pou divès inisyativ ke yo pran atravè peyi a nan objektif pou konbat kowonaviris la.

Leave A Reply