OKAP : Yon polisye akize dèske li kalote yon jounalis jiskaske li pèdi yon dan devan

125
0
Share:
TRiboLAND

11/12/2026

Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon jounalis viktim agresyon fizik anba men yon ajan Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), jodi jedi 12 novanm 2026 la, nan ayewopò entènasyonal Okap la. Ensidan an rive pandan jounalis la t ap kouvri arive ansyen Komisè Gouvènman Miragwàn lan, Jean Ernest Muscadin, nan vil Okap. Zak agresyon sa a soulve enkyetid sou sekirite pwofesyonèl laprès ak respè dwa jounalis yo genyen pou yo egzèse metye yo.

Daprè enfòmasyon ki disponib yo, polisye a ta bay jounalis la yon gwo kalòt ki lakòz li pèdi youn nan dan devan li. Ajan an, ki gen non li poko revele, fè pati 22e pwomosyon PNH la e li ta responsab pòs nan komisarya ayewopò a. Jiskaprezan, detay sou sikonstans ki ta lakoz agresyon an poko fin presize.

Aprè ensidan an, viktim nan depoze yon plent kont polisye a. Dosye a deja transfere nan Enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal DAyiti (IGPNH) pou swivi. Kounye a, je anpil moun fikse sou enstitisyon polis la pou konnen ki dispozisyon otorite yo pral pran nan kad ankèt sa a, pandan kesyon pwoteksyon jounalis yo ap kontinye poze nan peyi a.

Share:

Leave a reply