Konsèy Sekirite Nasyon Tèt Kole yo, vote yon rezolisyon kap genyen pou sanksyon tout chèf gang ak tout reselè.

1,320

10-21-2022

Wachentonn, Etazini_____(TRiboLAND) Se jodi vandredi 21 oktòb 2022 a, Konsèy Sekirite Nasyon Tèt Kole yo deside adopte sanksyon kont gang yo nan peyi Dayiti ak tout reselè yo. Konsèy la jwen yon rad mare vot ki pou reprime tout sa ki genyen pou wè avèk tranzaksyon zam illegal ak group kriminèl anndan peyi Dayiti.

Desizyon Konsèy LONI a menm ale pi lwen nan yon nivo li pase men sou sezi byen tout chèf gang ak tout reselè ki nan aktivite ki vize pou menase lapè, sekirite ak estabilite nan rejyon an. Pou Anbasaddris Etazini an nan LONI, li estime yon parèy vot sila, “se yon premye pa ki vital pou ede pèp ayisyen an”. Daprè diplomat la, “se yon premye pa nan apèl pote sekou pèp ayisyen an”.

Antouka, desizyon Konsèy la jodi vandredi a, rantre nan kad repons kominote entènasyonal la pou ede Ayiti fè bwàs fas ak gro aktivite kriminèl manch long e destabilite gang ame yo ap milyipliye nan mete ajenou enstitisyon gouvènmantal yo, fiziyàd, zak malonèt, kidnapping kont ranson san gade dèyè, daprè Miami Herald, yon jounal nan sid Florid Etazini.

Pandan gro sòlòkòtò rezolisyon ap pran kont gang yo nan LONI, sitwayen nan plizyè rejyon nan kapital la, pa sispann mouri anba atak gang ame ki menm antre anndan lakay moun e egzekite yo. Ka ki pi resan an, genyen pou wè avèk plis pase yon kenzèn moun yo asasinen nan Vilaj Noiy, nan komin Kwa Dèboukè.

Comments are closed.