2 polisye blese yon latriye bandi sangwen mouri: se bilan yon operasyon lapolis pou rekipere yon kagezon diri

869

04 – 07 – 2024

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Lapolis nasyonal deklare jodi dimanch 7 avwil 2024 la, ke yo arive rekipere bato transpò “Magalie” ki te chaje ak diri ke bandi yo te detounen yè jedi 4 avwil 2024 la osito ke li t’ap kite pò maritime Vare a.

Enfo yo fè konnen se avèk ladrès ak konplisite Otorite Pòtyè Nasyonal yo e yon inite entèvansyon Gad Kot Polis Nasyonal la ke transpòtè a arive rekipere.

Otorite yo konfime ke se apwè anpil ladrès ak boukantaj gwo kout zam pandan 5èd tan batay chyen anraje ke operasyon an resi mete boy nan pwa plizyè bandi sangwen, alòske genyen 2 polisye malerezman ki arive blese.

Comments are closed.