Fiziyad El Paso-a koze lanmò 20 moun e blese 26 lòt pandan envèstigasyon polis yo ap rapouswiv

0 359

Tekzas: El Paso_Nouvo devlopman nan katchou boumbe gwo fiziyad ki te kreye anpil panik jodi 3 Dawou 2019 la nan Walmart nan Mall El Cielo Vista okazyone apepwè 20 moun ta fè vwèl pou peyi san chapo e 26 lòt ta blese gravman grav, selon dènye repòt otorite El Paso yo nan Eta Tekzas.

Eta Tekzas pwan yon gwo fwap e lap plere sou lanmò yon pakèt pitit li jounen jodi, pou repete deklarasyon Gouvènè Greg Abbott nan yon konferans pwès aswè-a apwè pi gwo fiziyad mòtèl ki fèt nan Amerik la apa de zak mòtèl ki te fèt nan Tekzas 5 Novanm 2017 lòske yon jènòm te fiziye pou pipiti 26 moun nan yon legliz nan Sutherland Springs nan Tekzas.

Jiska pwezan responsab yo poko piblikman relache non sispèk la, sepandan selon Associated Press 2 polis ofisye ta idantifye –l sou non Patrick Crusius ki soti nan zònn Allen. Li genyen 21 lane, li se yon blan e li fèt nan Eta Tekzas. Otorite yo ap miltipliye envèstigasyon yo jous nan Allen kote ke FBI, Depatman Pwoteksyon sivil, Biwo federal alkowòl, Tabak ansanm avèk zam ak eksplozif ap fouye zo e analize yon manifès yon fason pou detèmine motif fiziyad la.

credit photo: facebook/Getty

Leave A Reply