2 Gran Toryan nan pati politik AAA deside kraze yon kite sa ak pati a

0 472

Pòtopwens____(TRiboLAND) San deklare ki mò ki touye Lanperè; 2 Gran Toryan pati politik “Ayiti An Aksyon” (AAA), ki genyen alatèt li Majò Jon ansyen Senatè konteste Youri Latortue, kraze yon kite sa ak pati a san bay rezon fondamantal ki sa ki alabaz yon parèy demisyon.

Nan yon korespondans ki date yè Vandredi pwemye Me 2020 an e ki te ale jwenn Kòwòdonatè strikti a, ansyen Kòwòdonatè kominal Pati AAA a pou Sen Mak, Jean Charles Daniel ansanm avèk konpayèl li, Evenel Rock ki se responsab Kominal pou kominikasyon mouvman an, anonse demisyon yo.

Konsa, anpil gwo analiz politik estime ke se yon veritab kle kou pou Pati AAA ki depi kèk tan pa sispan ap redwi an timiyèt pa timiyèt avèk yon latriye manm gwo jarèt kap pran wout divòs.

Leave A Reply