Alokazyon pwemye Me a, Pwemye Minis Justin Trudeau onore kouraj ak sakrifis travayè ayisyen yo nan ede Kanada konbat kovid-19 la (Video)

0 441

Kebèk____(TRiboLAND) Akoz sitiyasyon politik ak ekonomik repunyan, ayisyen nan tout bout kwen sou latè pa toujou byen regade. Yo pran anpil mepri, imilyasyon ak diskriminasyon tout kalite anba bouch nenpòt ki lòt nasyon. Konsa, yon pakèt vye pwejije toujou refere ak imigran ayisyen.

Nou te etone e kontan wè nan okazyon pwemye Me a ki se fèt Travayè, kòman Pwemye Minis Kanada a, Justin Trudeau te konsakre yon ti moman apa pou li bay omaj a pèsonèl medikal ayisyen an pou dimansyon konbativite yo ak sakrifis yo nan bay asistans pou sove sè ak frè sitwayen Kanada yo.

Pwemye Minis lan relate sakrifis jou e nwit pwofesyonèl ayisyen sa yo ki menm arive ekspoze pwòp vi yo ak viris la yon fason pou delivwe ak asure sante ak sekirite sitwayen peyi Kanada fas ak kowonaviris la ki se yon advèsè mòtèl.

PM nan deklare ke yo ap travay tre di pou pwoteje travayè ayisyen yo nan menm fason yo pwoteje sitwayen kanadyen nou yo.

Leave A Reply