Yon fanmiy afekte jwenn gwo rezistans pou antere pwòch yo nan Tèrye Wouj

0 372

Tèrye Wouj____(TRiboLAND) Gwo deblosaj deklentche lòske yon kòtèj fineray yon moun ki ta sanble mouri nan kowonaviris la; konvwa ki soti nan Fòlibète te rive byen bonè nan Tèrye Wouj, Nòdès peyi a jodi Lendi 4 Me 2020 an.

Plizyè sitwayen kreye gwo van panik nan komenn Tèrye Wouj; kanpe an bandi pou anpeche kadav la antere sou tèritwa lakay yo. Li pat pran tan pou tout bagay te transfòme an yon veritab pwotestasyon ki okazyone men miz sou kòbya a san konte anpil lòt deblozaj tankou kawoutchou ou barikad anflame nan antre wout ki relye simityè a.

Konsa, Lapolis avèk Lajistis pat pran tan pou entèvni e retabli lòd ki ta pral fasilite pwosesis pou antere defun an. Selon deklarasyon diferan manm nan fanmiy afekte yo; pwòch ki mouri a pat janm atrape kowonaviris.

Se pa pwemye fwa moun ki gen moun mouri travè peyi gen gwo difikilte pou antere pwòch yon ak diniyte akoz mank konpasyon ak asèptans lakay yon popilasyon ki pa danse kole avèk kovid-19.

Leave A Reply