Jovenel Moïse anonse deblokaj fon pou kanpay elektoral pati politik yo

250

09\27\20

Obè, Pòdpè_____(TRiboLAND) Prezidan repiblik la Jovenel Moise ki te alatèt yon delegasyon te nan depatman Nòdwès la, nan 3e seksyon kominal Pòddpè, lokalite Obè yè samdi 26 septanm 2020 an. Vizit sa fèt nan kad inogirasyon yon Sant jèmoplas yon mannyè pou lanse yon kanpay rebwazeman nan depatman ki tèt koupe ak yon dezè.

Nan yon mesaj li adrese dirèkteman ak klas politik ayisyen an, chèf leta a ki kontinye kanpe sou bit eleksyon pou kómansman ane 2021 an, pwomèt pou debloke lajan pou pati politik yo ka jwenn mwayen pou finanse kanpay elektoral yo. Konsa, li pase lòd fòmèl ak PM Joseph Jouthe pou’l sanpèditan debloke prosesis tchotcho a nan sans sa.

Premye mandatè nasyon an di l pap janm aksepte oken pati politik al pran lajan nan men abolotcho kap chèche gwo avantaj nan men leta a atravè finanse kanpay elektoral candida.

Nap sinyale, Jovenel Moise pa sispan fè popilasyon nódwès la pwomès! Konsa, li anonse konstriksyon waf Pòdpè a; mete kouch asfalt sou tronson wout Pódpè ak Ansafolè ak limyè 24/24 avan l pati kite Palè Nasyonal. Prezidan an estime ke li pa rete tan ankò.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.