Ajan Gad Kòt mete anba kòd 8 jènn gason ki tap eseye kite Village de Dieu pa bato

465

Pòtopwens____(TRiboLAND) Polisye Gad Kòt arive mete men sou 8 jènn gason ki tap tante kouri kite Village de Dieu abò yon bato jodi Mèkredi 29 Avwil 2020 an.

Mesye sa yo ki gen gwo akizasyon reselè gwoup gang vilaj la pandye sou yo, trouve yo transfere nan Direksyon Santral Polis Jidisyè pou swit nesesè dapwè yon sous PNH.

Pami endividi sa yo ou jwenn yon mekanisyen ki ta sanble ki abitye demoute pyès pa pyès machenn gwoup gang yo abitye vòlè.

Comments are closed.