Direktè DINEPA a nan Tigwav, denonse yon pratik gwo kamyon kap kraze tiyo ki kondwi lakay abòne yo.

05 – 30 – 2026
Tigwav, Ayiti____ (TRiboLAND) Direktè DINEPA a nan Tigwav, enjenyè Louiné Pierre Louis, nan yon entèvansyon li fè nan laprès jounen jedi 28 me 2026 lan, pa manke mo pou denonse yon seri movèz pratik kote gwo kamyon kap kraze tiyo PVC ki kondwi lakay abòne yo.
Responsab DINEPA a, deklare chak fwa kamyon yo kraze tiyo nan rejyon an, rezo a sibi gwo domaj ak palavire. Li fè konnen DINEPA pral mobilize pou repare zòn ki afekte yo, yon fason pou popilasyon an pa manke dlo.
Nan sans sa a, direktè DINEPA a, enjenyè Louiné Pierre Louis estime sitiyasyon sa a, mete sèvis distribisyon dlo an danje; konsa, sa lakoz gwo depans pou enstitisyon an. Li mande otorite kominal yo pou pran bon jan dispozisyon prese – prese pou kontwole sikilasyon gwo kamyon boujwa yo epi pwoteje enfrastrikti DINEPA yo nan vil la.






