4 moun mouri e plis pase 6 lòt blese grav nan yon fiziyad sou Portail Léogane

0 354

Pòtopwens____(TRiboLAND) Temwen ki tap pase maten an sou Pòtay Leyogann ak alantou sezi wè kòman Dimanch Pak sa avèk ki ezans bandi touye anba bal 4 pò malere inosan e blese sèt lòt pouryanis pou granmesi jodi 12 Avwil 2020 an.

Divès chofè ki tap fè trajè Gerald Batail/Clercine/Portail jwenn lanmò yo nan fiziyad sa ke gang san manman Village de Dieu yo fè byen bonè nan maten; dapwè plizyè moun ki te sou chòk nan moman an. Kat inosan jwenn lanmò yo e divès lòt blese gravman grav e transpòte bwit sou kou lopital.

Selon kèk sous, reyaksyon gwoup san manman Village de Dieu yo gen pou wè avèk mekontantman criminèl yo ki estime ke yo pa ka jwenn espas pou gen aksè ak wout nasyonal la sitou nan perimèt bisantnè a. Nap raple, fòs lòt yo entwodwi depi plizyè semènn yon seri separatè ki kwensi e limite aktivite san pidè yo rèd mare.

Leave A Reply