Yon kadav blayi de pye devan Mèt Bawon nan simityè Pòdpè a

0 722

Pòdpè____(TRiboLAND) Se avèk anpil konstènasyon moun kap viv nan vil Pòdpè leve jwenn blayi de pye devan Mèt Bawon nan simityè Pòdpè a bonè maten 29 Avwil 2020 an, kadav yon mesye.

Selon repòtè TRiboLAnd yo ki te deja sou plas, fè eta de yon mesye ki blayi fas atè nan twou ki erije devan bawon an alòske li ta sanble bwile nan tèt ak nan epòl. Anplis, li genyen sou li yon jean gri ak yon mayo ble, blan e wouj.

Selon kèk moun ki te sou plas, yo envoke posiblite de yon sakrifis enkoni a te vinn fè devan Mèt Bawon pou rele Lèsen; konsa ta sanble li tap eseye limen yon balènn avèk yon sibstans ki flamab e ki finalman arive eksploze nan figi li.

Nan moman repòt sa, kò a toujou devan Bawon e antoure ak zenyè kap rete tann idantifikasyon ak konsta legal kadav la.

Leave A Reply