Lavil ak andeyò: yon ti grabday kòmanse sòti nan pri prodwi premye nesesite yo nan Nòdwès

219

10\01\20

Larezèv, Ba Nòwès____(TRiboLAND) Pri pwodui premye nesesite yo pa sèlman bese nan vil yo; men yo egalman beseba nan divès Seksyon Kominal depatman Nòdwès la.

Nan yon virewon jounalistik, repòtè Triboland yo pat manke pran kontak ak divès machann nan plizyè Seksyon Kominal nan depatman Nòdwès la, notamman nan Larezèv,3e Seksyon Kominal Jan Rabel. Konsa, Abitan k’ap viv anndann seksyon sila pa kache satisfaksyon yo pou grabday ki soti sou tèt pri prodwi premye nesesite yo.

Yo atribye ti bès sa sou sitiyasyon dola a kap pèdi plim depi kèk tan devan goud la. Sepandan, pou anpil moun, satisfaksyon sa a pa total kapital. Pou kèk machann, doub sis prèske krekre nan men yo; se poko sa, paske yon genyen anba ponyèt yo yon dividal machandiz ki an mal makak.

Gen lòt machann ki kwè, menm si pri yo ta reyèlman desann, sa pa anpeche yo pa gen anyen nan men yo ki kapab ede yo achte kichòy. Yo swete wè pri yo kontinye ap vale teren yon fason pou fasilite sa yo kap pran lanm jwen yon bon souf ekonomik.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.