Bandi sangwen egzekite yon sitwayen anndan lakay li anba je tout moun nan Village de Dieu

239

11\11\20

Pòtoprens______(TRiboLAND) Yon kominote lidè ki reside anndan Village de Dieu nan zòn Kanaan nan Pòtoprens ki pote non Charles Jean Danny asasine anndan lakay li anba zam bandi madi 10 novanm 2020 an vè 5:00 nan aprè midi.

Charles Jean ki pa genyen yon lane depi li soti nan prizon pou zafè tè nan zòn, te konn fè anpil kichòy pou satisfè tout moun ki te toujou ap pase tray aprè evenman trebleman tè 12 janvye 2010 la nan Pòtoprens.

Selon divès sous, Charles ki pat menm moun nan zònn Kanaan, te antre nan lokalite a pou pote men fòt bay moun ki t’ap mal mennen nan kan yo; sitou sa yo ki pat genyen kote pou rete. Yon lekòl ki pote non li nan vilaj, temwanye kè nan men Charles te genyen anvè ti inosan ki tap leve san edikasyon nan bidon vil la ki enfekte ak kò gang sangwen.

Lanmò Charles revòlte konsyans moun nan vilaj la; sitou lè moun t’ap asiste bandi sangwen ki antre ak kè poze, san panik e san laperèz egzekite gro midi Charles anndan lakay li anba je tout yon katye.

Konsa, depi 5:00 pm pou rive jiska nan demen maten, konsta legal pat janm arive egzekite. Konsiderasyon pènn lanmò aprè bon jan jijman yon bandi, se inik sinyàl ki klè k’ap kapab fè bandi yo panse 2 fwa ak lavi moun.

Comments are closed.