Lapolis ta sanble kontinye ap bay payèt nan Village de Dieu

226

12\14\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Fòs lòd yo retounen pou yon lòt fwa ankò anndan Village de Dieu, yon zòn gang non-dwa ki pa sispann mete dlo nan je popilasyon ayisyèn nan.

Fwa sa, ta sanble yo retounen avèk plis detèminasyon pou rann lavi bandi yo ensupòtab. Moun te kapab wè gro enjen lou tankou bulldozer arive antre nan vilaj kidnapè a; plizyè kachèt kraze plat atè e ki konstitye yon pèt bab e moustach pou bandi sangwen yo antre nan tou.

Polis nasyonal la anonse plizyè lòt zòn deja nan lis yo pou yo rann vizit a yon seri zòn pikan kwennan. Anpil moun swete wè ke ajan PNH yo pa pouse do bandi yo men pito matrake yo e menn flite yo pou yo pa al bay problèm lòt kote.

Comments are closed.