“Core Groupe” pote kole ak Ayiti pou konbat pandemi kovid-19 la

0 353

Pòtopwens____(TRiboLAND) “Core Groupe” la ki reyini diferan manm kominnote entènasyonal la kap viv nan peyi dayiti tankou (Etazini, Kanada, Almayn, Espayn, Fwans, Bwezil, Inyon Ewopeyen ak repwezantant Sekretè Nasyon Tèt Kole yo san bliye repwezantan espesyàl Òganizasyon Eta Ameriken yo, ekspwime solidarite yo ak pèp ayisyen an fas ak devlopman pandemi an.

Core Groupe mande pou pèp ayisyen pote kole nan batay pou konbat kowonaviris la pandan yo ap respekte tout konsiyn pwevansyon yo ak konpasyon pou moun ki afekte anba maladi kovid-19 la.

Gwoup la kontinye reyitere volonte li pou yo travay bò kote pèp ayisyen an ansanm avèk gouvènman an yon fason pou bay kapasite tès yo plis jarèt pou sistèm medikal peyi a, chèche localize resous apwovizyònnman materyèl medikal ak ekipman pou pwoteksyon endividyèl san bliye enpak ke epidemi an kapab genyen sou sa yo ki pi vilnerab tankou fanm ak lòt moun kap travay nan sèktè enfòmèl la.

“Core Groupe” rete kwè ke se nan yon konbit efò kòt akòt, ak yon jerans alawonnbadè e transparans sou epidemi an ke peyi Dayiti ap fini pa minimize enpak kriz la sou pèp ayisyen an.

Leave A Reply