Ministè Kilti lanse yon konkou sou poezi sou kowonaviris la

0 316

Pòtopwens____(TRiboLAND) Nan yon moman mounn rete lakay, nan yon moman tout aktivite akademik eskolè tout etidyan paralize, Ministè Kilti ak Kominikasyon tante eksplwate disponiblite nan tan kriz sa pou ede jènn yo kontinye malgre tou kreyatif e mèble espwi yo atravè yon konkou poezi sou kowonaviris la.

Ministè a envite tout jènn pou pote kole a yon parèy mouvman kap fèt sou tèm “Konfennman pou konbat Kowonaviris la”, dapwè minis kilti ak kominikasyon an, Pradel Henriquez ki envite tout jènn poèt anbwase nan parèy mouvman nan moman kovit-19 la..

Tout patisipan dwe genyen 35 lane e èv yo pa dwe pibliye deja. Poezi yo dwe an kreyòl oubyen an fwansè. Konkou sila ki inisye sou lobedyans ministè kilti ta sanble se yon trè bèl demach ki kapab elaji chan kreyativite jènn ekriven ayisyen pi plis. Konkou a ap dire 2 mwa.

Leave A Reply