Peyi Gana ap itilize dwonn pou akselere tès kovid-19 yo

0 279

Akra____(TRiboLAND) Pou kanpe djanm nan batay kont kowonaviris la, peyi Gana mobilize tout kapasite li kòm nasyon pou pote sèvis sante bay zònn ki pi vilnerab yo; konsa, itilizasyon dwonn se youn ladan yo.

Soun yon ranp dekolaj, dwonn blan e wouj ap pran vòl nan direksyon plis pase 1000 sante sante nan diferan zònn rural yo nan peyi Gana. Objektif la se kolekte ou delivwe yon seri echantiyon tès kovid-19 bay divès laboratwa medikal nan diferan vil peyi a, espesyàlman nan Akra avèk Kumasi. E tout sa fèt nan mwens ke 1 èd tan.

“Itilizasyon dwonn nan ede transpòte echantiyon tès kovid-19 yo pi rapid e li ede gouvènman an reponn a pandemi e sove vi moun pi rapid”, dapwè yon kominike bò kote direktè jeneral Zipline lan, Keller Rinaudo. Zipline se yon ti konpayi ki bay sèvis dwonn anndan peyi Gana.

Leave A Reply