Ayiti/Kowonaviris: 6èm ka desè Kovid-19 la, yon jènn gason 18 lane

0 336

Pòtopwens____(TRiboLAND) Dènye kominike MSPP yè Vandredi 24 Avwil la fè eta de yon 6èm desè pou Kovid-19 la; se yon jènn gason 18 lane ki resanse nan depatman Lwès la.

Selon responsab sante piblik yo, jènn sa te soufwi avèk yon enfeksyon nan nivo sèvo li e yon konplikasyon respiratwa. Pou koulya, Ayiti ap mache a 72 ka konfime, 6 desè, 2 ka gerizon, dapwè Dr. Marie Gretta Roy Clément ki kontinye ap alète popilasyon an pou mete anfaz sou tout konsiyn sanitè yo ki reyèlman vital an kad konbat pwopagasyon viris la.

Leave A Reply