Mobilizasyon nan Senlwidinò pou mande liberasyon Doktè Archelus ak Miss Nerline Joachim

Senlwidinò, Ayiti ____(TRiboLAND) Jedi 24 jiyè 2025 lan, nan kad yon mach pasifik lopital Mission Chrétienne de Saint Louis du Nord òganize, plizyè dizèn manm pèsonèl sante ki soti nan lopital, klinik ak dispansè ki nan zòn nan, mobilize pou mande liberasyon Doktè Isaac Archelus ansanm ak enfimyè Miss Nerline Joachim.
Mach la te demare devan lokal lopital la epi li travèse plizyè katye prensipal Senlwidinò; konsa, patisipan yo te pote pankat, chante ak lanse mesaj solidarite pou kolèg yo, yo kwè ki sibi yon arestasyon enjistis e malonèt. Plizyè nan patisipan yo te mete aksan sou enpòtans travay pwofesyonèl sa yo nan domèn sante, epi yo mande otorite yo mete fen rapidman nan sa yo konsidere kòm “arestasyon abitrè”.
Reprezantan lopital la fè konnen yo pap rete a2 bra kwaze pandan dwa ak diyite pèsonèl sante ap vyole. Yo lanse apèl bay Ministè Sante Piblik ak lòt otorite konpetan pou yo entèvni epi garanti libète ak sekirite tout pwofesyonèl sante yo k ap sèvi popilasyon an.






