Enstalasyon 2 nouvo responsab nan tèt enstitisyon SNGRS nan vil Jeremie depatman Grandans peyi a.

08 – 21 – 2026
Grandans, Ayiti ____(TRiboLAND) Kòdonatris adjwen SNGRS la, madam Sévrine Rose Laure pwosede jori vandredi 21 dawout 2026 lan, ak enstalasyon mesye Nazaire Dieuseul kòm direktè, an menmtan madam Wislène Saint Fleur kòm direktris SNGRS nan vil Jeremie depatman Grandans peyi a.
Yon seremoni ki dewoule an prezans kòdonatè entèdepatmantal nan Gransid la, Delot Jean ak adjwen li Jean Wadson Laguerre, kèk pèsonlite politik, otorite lajisti, lapolis notè ak kèk notab nan vil la.
Madam Séverine, nan diskou li nan sikonstans lan, li ankouraje mesye dam yo pou travay nan tèt ansanm, nan respè youn pou lòt epi mete yo alekout demand ak revandikasyon popilasyon Grandans lan.






