USAID asiste Ayiti avèk yon asistans 75.5 milyon dola vèt

0 325

Pòtopwens____(TRiboLAND) Atravè Agence Américaine pour le Développement International (USAID) e pou Haiti atravè Ministère de la Planification et de la Coopération Externe, sinye yè Jedi a yon amandman akò sibvansyon pou rekonstwi Ayiti (HRGA) avèk yon vèsman 75.5 milyon dola kòm asistans kap kontinye bay Ayiti jarèt yon fason pou li kapab nòmalize ekonomikman.

Nan moman pase paraf la, Chrisopher Cushing ki se Alatèt Misyon USAID a nan peyi Dayiti deklare ke “USAID bay Ayiti plis ke sa nou wè la. Li ede plis nan yon kad devlopman ki pi milti-dimansyonèl wo nivo yon fason pou bay Ayiti jarèt nan enèji, agwikilti, edikasyon, sante e ak devlopman ekonomik.

Alatèt Cushing raple ke depi 2011 kontribisyon total USAID anvè Ayiti estime anviwon 1.8 milya dola.

Leave A Reply