Jeantel Joseph resi pale sou dosye asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse la; li menm konfime ke PM Ariel Henry te ofwi li yon deal politik.

542
0
Share:
TRiboLAND

Pòtoprens, Ayiti ______(TRiboLAND) Jeantel Joseph, ansyen Direktè Jeneral BSAP la finalman soti nan silans li, touswit aprè envitasyon jij la nan kad asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse lan. “M pa gen okenn patisipasyon nan zak asasina ki te fèt nan lannwit 6 pou leve 7 jiyè 2021 an”, se deklarasyon Jeantel Joseph.

Li kontinye pou di nan mikwo Laprès, ansyen PM Ariel Henry te vle fè yon dil politik ak li pou retire non-l nan dosye a, si li mete fen nan mouvman kanal Wanament lan, sitou ak prezans ajan BSAP yo ki te trè aktif nan moman sou kanal la. Yon deklarasyon ki mete pwa sou do yon dosye ki te deja chaje dout ak manti nan mitan gwo potanta nan Leta peyi a.

Anpil moun ta renmen konnen ki mò ki te touye Prezidan an menm! Chak moun ki te pwòch defen an ke jij envite sou dosye a, ta toujou ale sou baz pèsekisyon politik!

Share:

Leave a reply