Gwo batay ant 2 gwoup gang nan ri Chalmayn Peral nan vil Pòdpè: yon fanm mouri ponyade e plizyè kay bwile

0 482

Pòdpè___(TRiboLAND) Moun nan ri Chalmayn Peral nan vil Pòdpè pat gen kouraj pou pran sekous vyolans 2 gwoup gang ame ki tap kontre kònn yo apwè midi a, jodi Lendi 20 Avwil 2020 an.

Vyolans san parèy sa yo ki dure yon bon bout tan, te fòse divès rezidan oblije confine tèt yo nan yon panik zam chante, kouto rale e pou pi piti plizyè kay ensandye e yon fanm ke TRiboLAND pa rive idantifye non l mouri anba divès kout kouto malfwa yo.

Nouvèl yo rapòte ke se gran mesi entèvansyon fòs polis sekirite Nòdwès yo ki arive metrize e avalanche tèrè sa ke bandi yo simaye nan vil Pòdpè. Selon Komisè gouvènman an, Mèt Jean Volmy Bellamin, aksyon piblik deja an mouvman kont kriminèl yo ki ta kraze rak osito fòs lòd yo te parèt sou plas.

Anpil stwayen pa ka konprann kòman gwoup gang ap kontinye simen laterè nan Ri Chalmayn Peral anba je otorite yo; alòske sa pa gen lontan yo te simen menm deblozaj sa yo soumenm katye sa jiskaske yo te leve kraze rak deja. Se pa pwemye fwa aksyon piblik an mouvman kont gwoup gang sa yo ki toujou retounen nan menm katye a anba je otorite yo.

Leave A Reply