Direksyon depatmantal Travo Piblik branch Nòdwès deside amelyore sityasyon wout ba nòdwès yo

307

03/17/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Depi aprè òganizasyon kanaval la nan nòdwès, teknisyen travo piblik branch nòdwès yo pa chome.

Direksyon saa, ki genyen nan tèt li, Mesye Jozèf Annjelo Orasiyis deside kontinye dekrete la pèmanans, sou depatman nòdwès la tout bon vre, nan zafè wout.

Koulya, yo twouve yo sou zòn Lasalin yonn nan lokalite nan seksyon Polen-Lakòn, komin Pòdpè. Anpil travay ap fèt, divès gwo materyèl pwa lou deja prezan nan zòn sila.

Li enpòtan pou konnen zòn Lasalin lan reprezante yon danje sosyal pou pasajè kap sòti nan komin ba nòdwès yo pou rive nan site Kapwa Lamò a.


Fòk nou di tou, dapwè entèvyou korespondan Triboland yo ak divès sitoyen nan zòn sila; yo fè nou konnen fenomèn saa rive se akòz yon grandon nan zòn nan, ki drene tout dlo kite konn kraze jadenl, epi li bawo direksyon lamè a,saw tande a dega.

Konsa, dlo kap sòti nan zòn Larye, Lagòj, Dèmawo, Fitiyon poun site sa yo sèlman anvayi moun ak mezon ki nan direksyon wout nasyonal sila.

“Malgre sòl la marekajez men, nap degaje nou kanmenm,” daprè direktè travo piblik branch nòdwès la.

Li enpòtan pou konnen, wout Lasalin nan genyen gwo amelyorasyon ki deja fèt ladann. Aprè 4 jou lapli ki sot frape depatman nòdwès la, anpil moun swa atravè radyo ak sou paj facebook ap remèsye Msye Jozèf Annjelo Orasiyis pou amelyorasyon saa li bay ak wout Lasalin nan.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.