Yon jèn gason mouri dekapite sou zile Latòti.

1,184

   12-11-2022

Latòti, Ayiti_____(TRiboLAND)  Yon jèn gason ki pote non  Kenson mouri tèt koupe ak zam blanch yèswa nan lokalite Bama premye seksyon komin Latòti nan depatman Nòdwès la.

Selon yon sous kredib ke TRiboLAND kapab fè konfyans, lapolis deja prosede ak arestasyon yon frè defen an kòm sispèk san konte plizyè lòt moun ankò ki anba men lajistis sou zile Latòti.

Zile a te byen trankil men depi aprè popilasyon Lavale te fin mete anba kòd 8 manm bandi 400 Mawozo ki tap chache sove tèt yo nan vwayaj klandesten pou ale Naso ak Etazini san papye, vin gen yon vag vyolans kap devlope sou zile.

Pierrilien Nicol Colly 

Comments are closed.