ANAP/ BSAP ap miltiplye krim anndan peyi a

231

01/02/21

Kwadèboukè____(TRiboLAND) Nan mwens pase 48 èdtan sitwayen pezib anndan peyi a pase move moman ankò anba men nèg ame jous nan dan jodi samdi 2 janvye 2021 an.

Bandi goril sa yo ke popilasyon an idantifye kòm manm Agence Nationale des Aires Protégées (ANAP) ke Jeantel Joseph kreye a, te genyen gwo zàm fann fwa e abiye an inifòm militè. Yo te paralize ankò yon lòt fwa wout nasyonal #1 sou zòn Bon Repo pwolonje ak divès lòt blòk nan komin Kwadèboukè, te gagoule e ap simen panik nan machin san plak.

Yon chofè viktim de krim ANAP/BSAP ap fè mannèv pou depane won kawoutchou kreve

“Se sa kò ilegal la bliye li pa fè moun pase; se yon ekip gang, volè, chimè ki san koupyon e ki pote ale kle machin moun, tchake kawoutchou machin e itilize yo kòm barikad pou bloke lari a”, daprè yon chofè viktim nan blòk Siloe, nan Kwadèboukè.

Brigade de Sécurité des Aires Protégées (BSAP) ki se yon kò paralèl ilegal ke Jovenel Moise kreye pa sispan miltipliye zak vyolans, krim, entimidasyon ak dèy anndan peyi a, selon plizyè sous medyatik. Nan dat 30 ak 31 desanm dènye, yo te poze menm zak teworis sa yo sou menm wout nasyonal # 1 an alòske PNH toujou an reta pou jwen yo sou sèn krim yo!

Ernest Prévilon

Comments are closed.