Sòti mwa dawout 2022 pou jounen jodia, Jeremi plonje nan yon blackout ke-l pat janmen konnen.

926

02-20-2023

Jeremi, Ayiti ___(TRiboLAND) Vil Jeremi ak tout lòt zòn ki nan antouraj li yo apwè pasaj chèf gouvenman an, Doktè Ariel Henry ak minis TPTC a enjenyè Rosemond Pradel, jou kite 17 dawout 2022, plonje nan yon blackout san parèy.

Fèt patronal tankou Nòtredam Pèpetyèl Sekou, numéro 2, fèt Senlwi nan vil Jeremi, fèt fen dane 2022 ak komansman ane 2023 a, premye janvye pou rive nan fèt popilè a kise Festivite Kanavalèsk pou ane 2023 blackout pirèd.

Anplis, selon konsta yo, pèsònn moun nan popilasyon pa janm leve kanpe pou mande dirijan sangwen yo, ki sak fè pa genyen kouran elektrik ankò atravè Grandans, pou nou pa di tout peyi a. ki sa ki anpeche dirijan “eleman neglijab” wè menm yon seri dirijan zile katye nan Karaib la, prokire ti pèp lakay yo enèji elektrik atravè yon senp plan gouvènabilite?

Li ta sanble, li tout afè nòmal pou vann gaz retounen aleta primitif e pase an gagòt anndan peyi sa, jesyon dlo se zewo bare, lopital sa prèske pa alamòd ankò, lekòl ap pase anba pye gang kravate, gaspiyaj ou kòripsyon kap dekrase kès leta, manje ou pwodiksyon agrikòl tonbe nan lòbèy anba men dirijan tchòk kalbas ki prefere enpòte pito; san nou pa bliye Santral Elektrik EDH Jeremi an ki egziste sou non sèlman.

Anfen se yon peyi ki dezakòde e pran annotaj anba men yon seri malad mantal ki genyen kè lanfè e ki wè tout bagay tèt anba nan antouraj yo. Yo plis kontante yo nan renmen fènwa ke limyè pou promote plis aktivite gang, krim ak vòl; konsa, se mèyè fason pou degouvène ou deregle peyi a pakanpak. Anfen, se medyokrite, asasen, e vòlè nan tout nivo kap fòse popilasyon an pran “le faux du vrai”.

Nap raple, apa Lèziwa ke ansyen Prezidan asasine Jovenel Moïse te konstri yon santral elektrik ,enèji solè pou ki desèvi kominote Lèziwa, konplotè ak eskanmòte lage tout rès depatman an nan fènwa, ki yon bagay nòmal pou tout vòlè sangwen.

Comments are closed.