Imigrasyon Ameriken deside depòde 129 sitwayen ayisyen an Ayiti

0 321

Pòtopwens___(TRiboLAND) Malgre Kovid-19 la ap vale tèren atravè monn lan, gouvènman Etazini an deside pran mezi depòtasyon kont 129 ayisyen demen Jedi a. Se PM Jouthe Joseph ki te fè anons lan sou yon radyo nan kapital la jodi 20 Avwil 2020 an.

PM Jouthe  Joseph estime ke depòte yo avan tou se konpatriyòt ayisyen yo ye, yo gen tout dwà pou antre lakay yo e nou dwe resevwa yo, dapwè chèf gouvènman an ki tap fè klate sou kèk kontwovès sou yon pwemye gwoup 68 depòte ki te soti nan peyi Etazini mwa Mas la.

Leave A Reply