Enspektè divizyonè Nòdwès la anonse arestasyon yon latriye bandi

174
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè ____(TRiboLAND) Swit sou bwakaj ki te fèt 3 Avwil dènye nan Ri Maurepas, nan Pòdpè sou yon kanbiz ki rele Franzt Kalipso, lapolis te mobilize tout resous li atravè SDPJ yon fason pou te rapouswiv koupab yo oubyen bay yon repons apwopriye sou zak malonnèt la; konsa, Enspektè Divizyonè  Leonel Joseph, pòtpawòl lapolis la pou depatman Nòdwès la, atravè yon konferans li bay maten Lendi 13 Avwil la, anonse arestasyon plizyè pwezime bandi ki te pran lyann po yo. Gen nan yo ki arive apreande nan lòt vil tankou Gonaiv.

Pami bandi sa yo, genyen Joseph Junior alyas “Kabicha” ki bay moun anpil dlo nan je. Pwezime kriminèl sa, dapwè Enspektè Leonel ki konfime ke Kabicha pa vle wè moun ki kanbiz paske yo toujou gen lajan sou yo.

Paralèlman, yon lòt pwezime bandi ki pote non Blanc Prospère te jwenn arestasyon li tou nan Latòti e transfere nan Komisè Pòdpè pou yon seri zak malonnèt tankou brakaj ak kidnapping. Yo te jwenn sou chèf gang sa yon  kòlt 45 nimewo NHC02314.

Kidonk, PNH la felisite pote kole ak sipò tout lòt antite ki te rann yo rapouswi bandi chèf gang yo jous nan ziltik. Li ajoute tou, pou reselè nan Jistis Pòdpè sispann mete vi popilasyon an andanje sitou lè yo nan konfyolo nan chwazi lage bandi yo apwè yon seri ti kondanasyon reselè.

Share:

Leave a reply