Detantè avèk otorizasyon espesyàl pou program Biden lan ap genyen pou anbake pou Etazini demen dimanch lan.

417
0
Share:
TRiboLAND

08 – 03 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Selon Radio Télé Métronome, voyajè pou program Biden lan, ki te entèdi pou pa antre nan peyi Etazini jodi samdi 03 wout 2024 la, ap genyen opòtinite pou anbake demen dimanch 04 wout 2024 la an direksyon peyi Tonton Sam nan.

Selon responsab JetBlue ak American Airlines yo, ki konfime entèdiksyon CBP a ki te òdone pou oken kalifye ou otorize vwayajè pa pati; yon lòt nouvo kominike fasilite anbakman vwayajè yo pou demen dimanch 04 out 2024 la.

Annafè ou konsène ki pat gen chans pati yo, dwe prepare yo pou antre nan peyi Etazini apati demen dimanch lan, yon fason pou pa kreye konfizyon avèk latroublay, daprè sa yon moun kapab konstate sou kont Facebook Radio Télé Métronome jodi samdi 03 out 2024 la.

Nap raple, anpil sitwayen ki te gen pou vwayaje nan peyi Etazini nan kad program Biden lan, te trouve yo imilye e dezespere nan ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture, lè ye te aprann ke
yo te anba entèdiksyon pou anbakman.



Share:

Leave a reply