Ajan polis minisipal yo nan komin Senlwidinò mete anba kòd 3 gwo koure bandi.

815

04 – 15 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Byen bonè maten lendi 15 avril 2024 la, polis minisipal yo nan komin Senlwidinò mete men nan pat kasav 3 gwo koure nan yon baz bandi ki trouve li nan lokalite Tirivyè 2èm seksyon Dovre. Jimmy alyas Tirachòt, Roslet ak Frè li, se 3 prezime asasen yo ki pran nan woulo jounen jodia.

Jimmy alyas Tirachòt kase plizyè depo ak gichè nan zòn nan komin Senlwidinò; li pote ale panosolè, pòt elatriye nan depo ki se byen pwive businessman Yvon. Pou lòt 2 alye yo, se enplikasyon yo nan zafè brakaj, vòl eskalad, elatriye.

Nap raple, anpil jèn lnan komin Senlwidinò ivre tèt yo nan poze move aksyon ki pap mennen yo nan lòt chemen sof lanmò oubyen prizon si gen tan.

Comments are closed.